The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 51 › Jeremiah 51:11

Jeremiah 51:11

Bondye moute tèt tout wa peyi Medi yo, li fè yon plan pou l' detwi Babilòn. Se konsa l'ap tire revanj li pou detwi yo menm jan yo te detwi tanp li an. Fè pwent flèch yo byen pwenti! Plen sak yo flèch!

Bib La

In The King James Version

Make bright the arrows; gather the shields: the LORD hath raised up the spirit of the kings of the Medes: for his device is against Babylon, to destroy it; because it is the vengeance of the LORD, the vengeance of his temple.

In Context

10Pèp Izrayèl la di: Seyè a fè wè kòz nou an bon, li ban nou jistis. Ann al rakonte moun lavil Jerizalèm yo sa Seyè a, Bondye nou an, fè.

12Leve drapo a! Bay siyal pou yo atake miray Babilòn yo! Double faksyonnè yo! Mete sòlda ap veye. Pare anbiskad pou yo. Seyè a fè plan li, li fè sa li te di l'ap fè moun Babilòn yo.

Read all of Jeremiah 51

Cross References

1 Kings 11:23Bondye fè yon lòt moun leve dèyè Salomon ankò. Se te Rezon, pitit gason Elyada, ki te kouri kite lakay mèt li, Adadezè, wa peyi Soba a.

2 Chronicles 36:22Lè sa a, wa Siris pa t' ankò gen ennan depi li t'ap gouvènen peyi Pès la, lè Seyè a mete lide nan tèt wa a pou li bay yon lòd, fè kouche l' sou papye, voye l' toupatou nan peyi a pou yo te ka li l' pou tout moun tande. Sa te pase konsa pou pawòl Seyè a te mete nan bouch pwofèt Jeremi an te ka rive vre. Men lòd la:

Psalms 74:3vin wè sa ki rete apre ravaj la! Lènmi nou yo fin kraze dènye bagay nan kay ki apa pou ou a.

Isaiah 10:26Mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, m'ap pran fwèt pou m' bat yo, menm jan mwen te bat moun peyi Madyan yo bò gwo wòch Orèb la. M'ap fè peyi Lasiri soufri menm jan mwen te fè peyi Lejip soufri a.

Isaiah 21:2Mwen fè yon vizyon, mwen wè bagay ki pou bay gwo lapenn lan. Mwen wè moun k'ap trayi, moun k'ap kraze brize! Nou menm lame peyi Elam lan, moute al atake! Nou menm sòlda peyi Medi yo, al sènen lavil li yo! Bondye pral fè moun k'ap soufri anba peyi Babilòn lan sispann plenn.

Isaiah 41:25Se mwen menm ki chwazi yon nonm soti bò solèy leve. Se mwen menm ki fè l' desann soti nan nò vin atake. Li kraze tout chèf yo tankou labou anba pye l', menm jan moun k'ap fè krich kraze tè pou l' travay.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 51:11

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 51:10Jeremiah 51Jeremiah 51:12 →