Jeremiah 51:14
Seyè ki gen tout pouvwa a fè sèman sou tèt li: li pral mennen anpil moun vin atake Babilòn, y'ap tankou yon bann krikèt. Yo pral rele, yo pral chante dèske yo kraze ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Jeremiah 44:26Men koulye a, koute sa m'ap di nou, nou menm moun Jida yo k'ap viv nan peyi Lejip la. Se mwen menm Seyè a k'ap pale, mwen fè sèman sou tèt mwen: nan tout peyi Lejip la p'ap gen pesonn nan moun Jida yo ki pou pran non mwen pou fè sèman, pou yo di: Nan non Seyè a, Bondye vivan an!
Jeremiah 49:13Se mwen menm, Seyè a, k'ap pale: Mwen fè sèman sou tèt mwen, m'ap fè lavil Bozra tounen yon dezè, yon pil vye mazi. Moun ap pase l' nan betiz, y'ap sèvi ak non l' pou bay madichon. Tout ti bouk nan vwazinaj li yo pral tounen yon pil vye mazi pou tout tan.
Jeremiah 51:27Bay siyal nan tout peyi a pou yo atake. Kònen twonpèt nan tout nasyon yo. Pare tout nasyon yo pou y' al fè lagè ak Babilòn. Voye rele wa peyi Arara a, wa peyi Mini an, wa peyi Achkenaz la pou y' al atake l'. Chwazi chèf pou mennen batay la. Fè yo mennen anpil chwal ban nou pou yo menm kantite ak yon bann krikèt.
Joel 2:3Tankou dife, yo devore tou sa ki devan yo. Yo pa kite anyen kote yo pase. Anvan yo te vini, peyi a te tankou yon ti paradi. Lè yo fin pase, li tounen yon dezè san anyen ladan l'. Anyen pa chape anba dan yo.
Amos 6:8Seyè a, Bondye sèl Mèt la, te fè sèman sou tèt li. Men avètisman Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, bay: Mwen pa ka sipòte lògèy pèp Izrayèl la gen nan kè li. Mwen pa ka wè gwo kay y'ap plede bati yo. M'ap lage kapital la nan men lènmi ak tout moun ladan l'.
Hebrews 6:13Lè Bondye te fè Abraram pwomès la, li te fè sèman li t'ap kenbe li. Li fè sèman an sou tèt li, paske pa gen pi gran pase li.