Jeremiah 51:19
Men, Bondye Jakòb la pa tankou yo. Se li menm ki fè tout bagay. Li chwazi pèp Izrayèl la pou rele l' pa l'. Seyè ki gen tout pouvwa a, se konsa yo rele l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
18Yo pa vo anyen. Yo bon pou pase nan betiz. Y'ap disparèt lè Seyè a ap vin regle ak yo.
Cross References
Exodus 19:5Koulye a menm, si nou koute sa mwen di nou, si nou kenbe kontra mwen an, se nou menm m'ap chwazi pou moun pa m' nan mitan tout pèp ki sou latè. Tout latè se pou mwen, se vre.
Psalms 16:5Seyè, se ou menm ki tout byen mwen. Se ou ki ban m' tou sa m' merite. Lavi m' nan men ou.
Psalms 73:26Kò m' te mèt ap deperi, lespri m' te mèt ap gaga, se ou menm menm, Bondye, ki tout fòs mwen, se ou menm ki tout mwen.
Psalms 115:3Bondye nou an, se nan syèl la li ye, Li fè sa l' vle.
Isaiah 47:4Moun k'ap delivre nou an rele Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.
Jeremiah 10:16Men, Bondye Jakòb la pa tankou yo. Se li menm ki fè tout bagay. Li chwazi pèp Izrayèl la pou rele l' pa l'. Seyè ki gen tout pouvwa a, se konsa yo rele l'.