The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 51 › Jeremiah 51:24

Jeremiah 51:24

Seyè a di ankò: -Devan je nou tout, m'ap fè lavil Babilòn ansanm ak tout pèp li a peye tout mechanste li te fè lavil Jerizalèm yo.

Bib La

In The King James Version

And I will render unto Babylon and to all the inhabitants of Chaldea all their evil that they have done in Zion in your sight, saith the LORD.

In Context

23Se avè ou mwen te touye bann mouton yo ak tout gadò yo. Se avè ou mwen te kraze kiltivatè yo ansanm ak tout chwal pou raboure latè. Se avè ou mwen te kraze tout chèf yo ak tout majistra yo.

25Babilòn, ou tankou yon gwo mòn kote moun k'ap ravaje tout latè a soti. Koulye a, mwen pral regle avè ou. Mwen pral mete men sou ou. M'ap fè ou degrengole desann soti nan tèt wòch yo. M'ap fè mòn lan tounen yon gwo boukan dife.

Read all of Jeremiah 51

Cross References

Psalms 137:8Nou menm moun lavil Babilòn, yo gen pou yo fini ak nou yon lè. Benediksyon pou moun ki va fè ou sibi menm bagay ou te fè nou sibi a.

Isaiah 51:22Seyè a, Bondye nou an, pale. Men sa Bondye k'ap pran defans pèp li a di: -Mwen pral wete nan men nou gode mwen te ban nou bwè nan kòlè mwen an. Nou p'ap gen pou nou bwè ankò nan gode k'ap fè nou sou a.

Isaiah 63:1Kilès sa a k'ap vini sot lavil Bozra nan peyi Edon an, ak yon rad tou wouj sou li a? L'ap mache byen bwòdè ak bèl rad li sou li. L'ap mache tèt li byen wo, l'ap pile tè a byen fò. Se mwen menm, Seyè a, ki gen pouvwa pou delivre moun lan, k'ap pale sou koze delivrans lan.

Jeremiah 50:15Nou tout ki sènen l' yo, rele byen fò, mache pran li! Lavil Babilòn rann tèt li. Miray li yo tonbe, gwo poto l' yo atè. Se konsa m'ap tire revanj mwen. Tire revanj nou sou li. Fè l' pase sa li te fè nou pase a.

Jeremiah 50:28Koute! Moun k'ap kouri chape kò yo, moun k'ap kouri kite lavil Babilòn lan, ap moute sou mòn Siyon, y'ap fè konnen jan Seyè a, Bondye nou an, ap tire revanj li pou sa moun Babilòn yo fè tanp li a.

Jeremiah 51:11Bondye moute tèt tout wa peyi Medi yo, li fè yon plan pou l' detwi Babilòn. Se konsa l'ap tire revanj li pou detwi yo menm jan yo te detwi tanp li an. Fè pwent flèch yo byen pwenti! Plen sak yo flèch!

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 51:24

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 51:23Jeremiah 51Jeremiah 51:25 →