Jeremiah 51:25
Babilòn, ou tankou yon gwo mòn kote moun k'ap ravaje tout latè a soti. Koulye a, mwen pral regle avè ou. Mwen pral mete men sou ou. M'ap fè ou degrengole desann soti nan tèt wòch yo. M'ap fè mòn lan tounen yon gwo boukan dife.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 11:4Apre sa, yo di. Annou wè! Ann bati yon gwo lavil pou nou rete ak yon gwo gwo kay tout won byen wo ki rive jouk nan syèl la. Konsa tout moun va respekte nou, yo p'ap ka gaye nou toupatou sou latè.
Jeremiah 25:9mwen pral voye chache tout moun ki bò nò yo ansanm ak sèvitè m' lan, Nèbikadneza, wa Babilòn lan. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Mwen pral fè yo vin kraze peyi Jida a ak tout moun ki rete ladan l' yo ansanm ak tout peyi nan vwazinaj yo. Mwen pral detwi yo tout. M'ap fè yo tounen yon dezè ki va fè moun sezi, yon pil mazi pou tout tan.
Jeremiah 25:18Mwen fè moun lavil Jerizalèm ak moun lavil Jida yo bwè ladan l' ansanm ak wa yo, chèf yo, pou lavil yo ka tounen mazi, yon dezè pou moun mete men nan tèt lè yo wè sa, pou moun sèvi ak non yo pou bay madichon, jan y'ap fè l' jouk koulye a.
Jeremiah 51:7Babilòn te tankou yon gode fèt an lò nan men mwen. Li t'ap fè tout nasyon sou latè sou. Yo bwè nan diven l' lan, y'ap depale.
Jeremiah 51:53Menm si Babilòn ta rive moute nan syèl pou l' ta bati yon gwo fò moun pa ka rive pran, moun m'ap voye dèyè l' yo ap jwenn li, y'ap kraze l'. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Daniel 4:30li di konsa: -Gade jan lavil Babilòn lan vin gran non! Se mwen menm ki bati l' ak fòs kouraj mwen pou l' sèvi m' kapital peyi a, pou fè wè jan mwen gen pouvwa, jan mwen grannèg.