Jeremiah 51:26
Yo p'ap pran yon wòch nan ou ni pou fè fondasyon, ni pou fè kwen kay. Ou pral tounen yon dezè pou tout tan. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 13:19Lavil Babilòn, se yon bijou. Se li ki pi bèl pase tout peyi. Moun peyi Kalde yo plen lògèy, y'ap fè grandizè poutèt li. Men, mwen menm Seyè a, m'ap kraze l' tankou mwen te kraze lavil Sodòm ak lavil Gomò.
Isaiah 34:8Paske, se jou Seyè a pral pran revanj li sou lènmi peyi Siyon yo. Se jou li pral fè yo peye sa yo te fè a, pou l' ka delivre moun Siyon yo.
Jeremiah 50:12Men, peyi nou an, lavil kote nou moun lan, pral wont. Yo pral trennen yo nan labou. Nan tout nasyon yo, Babilòn pral dèyè nèt. L'ap tounen yon dezè, san dlo, san yon pyebwa.
Jeremiah 51:29Tout latè ap tranble, l'ap souke, paske lè plan travay Seyè a rive pou l' fèt. Li pral fè Babilòn tounen yon dezè kote p'ap gen pesonn ankò.
Jeremiah 51:43Tout ti bouk li yo tounen yon dezè tou, san pa gen yon gout dlo ladan yo. Se raje toupatou. Pa gen pesonn ladan yo ankò. Pesonn pa pase la non plis.