Jeremiah 51:29
Tout latè ap tranble, l'ap souke, paske lè plan travay Seyè a rive pou l' fèt. Li pral fè Babilòn tounen yon dezè kote p'ap gen pesonn ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 13:19Lavil Babilòn, se yon bijou. Se li ki pi bèl pase tout peyi. Moun peyi Kalde yo plen lògèy, y'ap fè grandizè poutèt li. Men, mwen menm Seyè a, m'ap kraze l' tankou mwen te kraze lavil Sodòm ak lavil Gomò.
Isaiah 14:23M'ap fè lavil Babilòn tounen yon marekay. Se zagoudi ase k'ap rete la. Mwen pral bale sa byen bale. M' p'ap kite anyen. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki pale.
Isaiah 46:10Depi nan konmansman, mwen te di jan sa pral ye. Depi davans mwen te fè nou konnen sa ki tapral rive. Mwen te di plan travay mwen gen pou rive fèt vre. M'ap fè tou sa mwen te vle fè a.
Jeremiah 8:16Lènmi deja rive nan zòn lavil Dann lan. Nou tande souf chwal yo. Tout tè a ap tranble lè chwal yo ap ranni. Lènmi an ap vini, l'ap detwi peyi a ansanm ak tou sa ki ladan l'. L'ap kraze lavil yo ansanm ak tout moun ki ladan yo.
Jeremiah 50:13Paske Seyè a pral move sou li. p'ap gen pesonn rete nan lavil Babilòn lan. Tout kay li yo ap tounen mazi. Tout moun k'ap pase bò la pral sezi, y'a mete men nan tèt lè y'a wè tout sa ki rive l'.
Jeremiah 50:39Se poutèt sa, se chat mawon ak vye bèt nan bwa ki pral rete nan peyi sa a. Se la gwo zwazo otrich yo pral rete. P'ap janm gen moun rete ladan l' ankò pou tout tan, jouk sa kaba.