Jeremiah 51:3
Pa bay sòlda yo chans pou yo tire banza yo, ni pou yo mete rad batay yo sou yo. Pa kite jenn gason yo chape. Touye tout lame a pou Bondye.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Nan tout peyi Babilòn lan moun ap tonbe mouri. Nan tout lari flèch ap pèse yo pak an pak.
Cross References
Psalms 137:9Benediksyon pou moun ki va pran pitit ou yo, ki va kraze yo sou gwo wòch!
Jeremiah 9:21Lanmò ap pase nan fennèt yo. L'ap antre nan gwo bèl kay nou yo. Li pase men l' pran timoun nan lari, ak jenn gason sou plas mache yo.
Jeremiah 50:14Nou menm ki sèvi ak banza, ranje kò nou, sènen lavil Babilòn. Tire sou li! Voye tout flèch nou yo sou li, paske li fè peche kont Seyè a.
Jeremiah 50:27Touye tout sòlda li yo tankou bèf nan labatwa! Madichon pou moun Babilòn yo! Jòdi a, lè chatiman yo a rive!
Jeremiah 50:41Moun ap soti nan yon peyi bò nan nò. Yon gwo pèp ak anpil chèf vanyan soti byen lwen, y'ap pare pou fè lagè.
James 2:13Paske, lè Bondye ap jije, l'ap san pitye pou moun ki te san pitye. Men, moun ki gen pitye pou lòt va soti tèt dwat lè jou jijman an.