The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 51 › Jeremiah 51:31

Jeremiah 51:31

Mesaje sou mesaje ap kouri brid sou kou al di wa Babilòn lan lènmi anvayi lavil li a nèt.

Bib La

In The King James Version

One post shall run to meet another, and one messenger to meet another, to shew the king of Babylon that his city is taken at one end,

In Context

30Sòlda lavil Babilòn yo derefize goumen. Yo rete kache nan fò yo. Yo pèdi tout kouraj yo, yo tankou fanm. Lènmi defonse pòtay lavil yo, yo mete dife nan kay yo.

32Yo bloke tout chemen yo, yo mete dife nan tout avanpòs yo, sòlda yo gaye.

Read all of Jeremiah 51

Cross References

1 Samuel 4:12Yon nonm nan branch fanmi Benjamen an te pran kouri depi kote yo t'ap goumen an jouk lavil Silo. Li rive menm jou a. Li te chire rad sou li, li te mete pousyè sou tèt li pou fè wè jan li te nan lapenn.

2 Chronicles 30:6Se konsa yo voye mesaje nan tout peyi Jida a ak nan tout peyi Izrayèl la avèk lèt wa a te siyen ansanm ak chèf li yo. Dapre lòd wa a te bay, men mesaj yo t'ap mache fè konnen: -Nou menm rès pèp Izrayèl la, nou menm ki te chape anba men wa peyi Lasiri yo lè yo te anvayi peyi a, tounen vin jwenn Seyè a, Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Izrayèl la, konsa l'a tounen vin jwenn nou tou.

Esther 8:10Madoche fè ekri lèt yo nan non wa a, epi li mete so wa a sou yo. Yo renmèt lèt yo bay mesaje pote ale. Mesaje yo te moute sou chwal yo te pran nan ekri wa a.

Job 9:25Jou yo pase pou mwen pi vit pase dlo larivyè. Pa gen yonn ki ban m' kè kontan.

Isaiah 47:11Yon malè pral tonbe sou ou, ou p'ap ka detounen l' ak maji ou yo. Yon sèl malè pral tonbe sou ou, ou p'ap ka fè anyen pou ou anpeche l' rive ou. W'a rete konsa, yon boulvès pral tonbe sou ou, yon boulvès ou pa t' janm mete nan tèt ou te ka rive ou.

Jeremiah 50:24Babilòn! Mwen te pare yon pèlen pou ou! Ou tonbe ladan l' san ou pa konnen! Yo jwenn ou, yo mete men sou ou, paske ou te soti pou goumen avè m'.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 51:31

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 51:30Jeremiah 51Jeremiah 51:32 →