The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 51 › Jeremiah 51:34

Jeremiah 51:34

Nèbikadneza, wa peyi Babilòn lan, te devore lavil Jerizalèm, li manje l' nèt ale. Li kite peyi a vid tankou yon plat yo niche. Tankou yon gwo bèt lanmè, li vale m'. Li souse tout mwèl mwen. Lèfini, li voye rès la jete.

Bib La

In The King James Version

Nebuchadrezzar the king of Babylon hath devoured me, he hath crushed me, he hath made me an empty vessel, he hath swallowed me up like a dragon, he hath filled his belly with my delicates, he hath cast me out.

In Context

33Wi, men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay: Lavil Babilòn tankou yon glasi y'ap pare. Talè konsa yo pral kouche sòlda yo tankou grenn danre sou glasi.

35Moun ki rete sou mòn Siyon yo di: Se pou lavil Babilòn peye tout lapenn ak mechanste li fè nou. Moun lavil Jerizalèm yo te mèt di: Se pou moun peyi Kalde yo peye pou tout san nou yo fè koule a.

Read all of Jeremiah 51

Cross References

Job 20:15Mechan an gen pou l' vonmi tout richès li te vòlò yo, paske Bondye ap foure dwèt nan gòj li.

Isaiah 24:1Seyè a pral souke tè a, li pral ravaje l'. Li pral boulvèse l'. Tout moun ki rete sou tè a pral kouri gaye toupatou.

Isaiah 42:22Men koulye a, yo fin piye pèp li a, yo pran tou sa yo te genyen. Yo fèmen yo tout nan kacho. Yo mete yo tout nan prizon. Yo vòlò tou sa yo te genyen san pesonn pa delivre yo. Yo piye yo nèt ale san pesonn pa di: Renmèt yo zafè yo!

Jeremiah 48:11Peyi Moab te toujou viv san ankenn danje depi tout tan. Yo pa janm depòte moun li yo. Li te tankou diven yo kite poze nan barik, san yo pa janm vide l' sot nan yon veso mete l' nan yon lòt. Se konsa li pa janm pèdi gou l'. Li pa janm vante.

Jeremiah 50:17Seyè a di ankò: -Pèp Izrayèl la te tankou mouton ki pèdi bann yo. Lyon gaye yo nan tout raje. Premye moun ki mete men sou yo se te wa peyi Lasiri a. Apre sa, se te Nèbikadneza, wa peyi Babilòn lan, ki te kraze tout zo yo.

Jeremiah 51:49Babilòn te lakòz anpil moun mouri toupatou sou latè. Koulye a se Babilòn ki pral tonbe, paske li te touye anpil moun nan pèp Izrayèl la.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 51:34

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 51:33Jeremiah 51Jeremiah 51:35 →