Jeremiah 51:37
Lavil Babilòn ap tounen yon pil mazi kote bèt nan bwa rete, yon dezè kote pesonn pa rete. Tout moun k'ap wè sa pral sezi, y'a mete men nan tèt.
Bib La
In The King James Version
In Context
38Moun Babilòn yo ap gwonde tankou lyon, y'ap griyen dan yo tankou jenn lyon.
Cross References
2 Chronicles 29:8Se poutèt sa Seyè a te fache anpil sou peyi Jida ak sou lavil Jerizalèm. Tout moun te sezi, tout moun te pè lè yo wè sa ki rive yo, tout moun t'ap pase yo nan betiz, tankou nou wè l' nou menm ak pwòp je nou tou.
Isaiah 14:23M'ap fè lavil Babilòn tounen yon marekay. Se zagoudi ase k'ap rete la. Mwen pral bale sa byen bale. M' p'ap kite anyen. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki pale.
Isaiah 34:13Pikan pral pouse nan tout palè l' yo, kwòkachen ak chadwon pral pouse nan tout fò yo. Se la chen mawon pral rete. Se la otrich pral fè nich yo.
Jeremiah 18:16Yo fè peyi a tounen yon savann dezole, tout moun se mete men nan tèt! Tout moun k'ap pase bò la pral sezi wè sa. Yo pral souke tèt yo.
Jeremiah 25:9mwen pral voye chache tout moun ki bò nò yo ansanm ak sèvitè m' lan, Nèbikadneza, wa Babilòn lan. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Mwen pral fè yo vin kraze peyi Jida a ak tout moun ki rete ladan l' yo ansanm ak tout peyi nan vwazinaj yo. Mwen pral detwi yo tout. M'ap fè yo tounen yon dezè ki va fè moun sezi, yon pil mazi pou tout tan.
Jeremiah 25:18Mwen fè moun lavil Jerizalèm ak moun lavil Jida yo bwè ladan l' ansanm ak wa yo, chèf yo, pou lavil yo ka tounen mazi, yon dezè pou moun mete men nan tèt lè yo wè sa, pou moun sèvi ak non yo pou bay madichon, jan y'ap fè l' jouk koulye a.