Jeremiah 51:41
Seyè a di konsa: -Gade! Yo pran lavil Babilòn. Yo mete men sou li, lavil ki te yon lwanj nan bouch tout moun lan. Yo fè l' tounen yon dezè nan mitan nasyon yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
42Lanmè moute anvayi lavil Babilòn. Lanm lanmè yo move, yo kouvri lavil la.
Cross References
2 Chronicles 7:21Kay sa a ki te sitèlman bèl pral tounen yon pil mazi. Tout moun ki va pase bò la a va sezi, y'a mete men nan bouch, y'a mande poukisa Seyè a fè peyi a ak tanp lan sa.
Isaiah 14:4Lè sa a, n'a chante pou nou pase wa lavil Babilòn lan nan betiz, n'a di: Gade ki jan moun ki t'ap maltrete nou an disparèt! Gade ki jan yo desann kòlèt li non!
Jeremiah 49:25Gade lavil tout moun te konnen an, lavil kote tout moun te gen kè kontan an! Pa gen yon moun ladan l'.
Jeremiah 50:46Lè lavil Babilòn tonbe, l'ap fè yon kokennchenn bri, latè ap tranble. Y'ap tande rèl moun yo nan tout lòt nasyon yo.
Ezekiel 27:35Tout moun ki rete nan peyi bò gwo lanmè a sezi tande sa ki rive ou. Ata wa yo gen kè sote. Yo kagou sitèlman yo pè.
Daniel 4:22pyebwa sa a se ou menm, monwa, ki grandi, ki vin fò. Ou sitèlman grandi ou rive jouk nan syèl la. Ou chèf sou tout latè.