Jeremiah 51:48
Tout bagay nan syèl la ak sou latè a pral kontan, yo pral rele lè moun k'ap soti bò nan nò yo va vin ravaje lavil Babilòn. Se Seyè a menm ki di sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 58:10(058:11) Moun ki mache dwat devan Bondye gen pou yo kontan lè yo wè jan yo pini mechan yo. Y'a lave pye yo nan san mechan yo.
Isaiah 44:23Ou menm syèl la, chante byen fò! Se pou tout kote ki byen fon anba tè a fè fèt! Se pou mòn yo rele tank yo kontan! Se pou rakbwa yo ansanm ak tout pyebwa ki ladan yo danse fè fèt. Paske Seyè a delivre fanmi Jakòb la, li fè moun Izrayèl yo wè pouvwa li.
Isaiah 49:13Se pou syèl la kontan! Se pou tè a fè fèt! Se pou mòn yo rele tèlman yo kontan! Paske Seyè a pral bay pèp li a kouraj, l'ap gen pitye pou pèp li a ki nan lapenn.
Jeremiah 50:9Mwen pral leve yon bann gwo nasyon bò nan nò, mwen pral fè yo mache pran lavil Babilòn. Yo pral pran pozisyon pou yo goumen avè l', yo pral kraze l'. Sòlda yo, se moun ki gen anpil ladrès nan sèvi ak banza, yo pa janm manke sa y'ap vize a.
Jeremiah 51:10Pèp Izrayèl la di: Seyè a fè wè kòz nou an bon, li ban nou jistis. Ann al rakonte moun lavil Jerizalèm yo sa Seyè a, Bondye nou an, fè.
Revelation 16:4Twazièm zanj lan vide gode pa l' la nan tout gwo larivyè ak nan sous dlo yo, li fè yo tounen san.