Jeremiah 51:58
Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: -Yo kraze gwo miray lavil Babilòn lan ratè. Yo boule gwo pòtay byen wo li yo. Pèp yo te travay pou gremesi. Tou sa yo te bat kò yo fè a tounen sann dife.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 127:1Se yon chante Salomon pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Si se pa Seyè a ki bati kay la, travay moun k'ap bati yo pa vo anyen. Si se pa Seyè a k'ap pwoteje lavil la, travay moun k'ap veye yo pa vo anyen.
Isaiah 65:23Yo p'ap kraze kò yo travay pou bontan ankò! Travay yo va rapòte yo! Pitit yo p'ap konn sa ki rele malè ankò! M'ap beni yo ansanm ak pitit yo jouk sa kaba.
Jeremiah 51:9Etranje k'ap viv nan peyi a di konsa: Nou fè sa nou kapab pou n' geri Babilòn. Pa gen gerizon pou li. Annou kite peyi a. Ann ale, chak moun nan peyi pa yo, paske peche l' yo fè pil rive jouk nan syèl, yo pi wo pase nwaj yo.
Jeremiah 51:44M'ap regle Bèl, bondye Babilòn lan, m'ap fè l' rann tou sa li te vale a. Nasyon yo p'ap kouri vin nan pye l' ankò. Miray lavil Babilòn yo tonbe.
Habakkuk 2:13Travay pèp yo ap fè a pral boule nan dife. Se pou gremesi nasyon yo ap fatige kò yo travay di. Se Seyè a menm k'ap fè sa rive konsa.