Jeremiah 51:7
Babilòn te tankou yon gode fèt an lò nan men mwen. Li t'ap fè tout nasyon sou latè sou. Yo bwè nan diven l' lan, y'ap depale.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 14:4Lè sa a, n'a chante pou nou pase wa lavil Babilòn lan nan betiz, n'a di: Gade ki jan moun ki t'ap maltrete nou an disparèt! Gade ki jan yo desann kòlèt li non!
Jeremiah 25:14Yo menm tou moun Babilòn yo, anpil lòt nasyon ak gran wa va fè yo tounen esklav. M'ap fè yo peye pou tou sa yo fè.
Jeremiah 50:38Chechrès nan tout peyi a. Se pou tout dlo rivyè yo cheche. Babilòn se yon peyi zidòl, k'ap fè moun pèdi tèt yo.
Daniel 2:38Li mete ou chèf pou ou gouvènen tout moun ki rete sou latè, pou ou gouvènen ata zannimo ak zwazo. Se ou menm ki tèt an lò a.
Habakkuk 2:15Madichon pou moun k'ap fè moun parèy yo bwè pou avili yo. Yo vide bweson ba yo jouk yo sou. Yo mete yo toutouni devan tout moun.
Revelation 17:2Wa latè yo lage kò yo nan dezòd avè l': Tout moun ki rete sou latè te sou ak diven movèz vi li a.