Jeremiah 52:1
Sedesyas te gen venteyennan lè li vin wa peyi Jida. Li pase onzan lavil Jerizalèm ap gouvènen peyi a. Manman l' te rele Amoutal. Se te pitit fi Jeremi, moun lavil Libna.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Wa Sedesyas te fè sa ki mal devan Bondye menm jan ak Jojakim.
Cross References
Joshua 10:29Apre sa, Jozye ansanm ak tout lame Izrayèl la kite Makeda, y' al atake lavil Libna.
2 Kings 8:22Se depi lè sa a, peyi Edon an soti anba lòd peyi Jida, yo granmoun lakay yo. Se menm lè a tou moun lavil Libna yo pran libète granmoun yo tou.
2 Kings 25:1Se konsa sou dizyèm jou dizyèm mwa nevyèm lanne depi Sedesyas te wa a, Nèbikadneza, wa Babilòn lan, vin atake lavil Jerizalèm ak tout lame li a. Yo moute kan yo devan miray lavil la, yo mete ranblè nan tout pye miray yo.
Jeremiah 39:1Nan dizyèm mwa, nevyèm lanne rèy Sedesyas, wa peyi Jida a, Nèbikadneza, wa Babilòn lan, vini ak tout lame li a, li atake lavil Jerizalèm. Li sènen li toupatou.