Jeremiah 52:10
Antan yo lavil Ribla, li fè yo koupe kou tout pitit wa Sedesyas yo devan wa a. Li fè koupe kou tout chèf peyi Jida yo tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 21:16li ale, li chita pi devan, yon bon ti distans, li di nan kè l' -Mwen pa ka rete ap gade pitit mwen an ap mouri konsa. Pandan li chita konsa, pitit la pran rele.
Deuteronomy 28:34Lè n'a wè tout bagay sa yo rive nou, n'a pèdi tèt nou!
2 Kings 25:18Lèfini, Neboucharadan, chèf lagad la, pran Seraja, granprèt la, Sefanya, adjwen granprèt la, ansanm ak twa lòt gwo chèf nan Tanp lan, li fè yo prizonye.
Jeremiah 39:6Li fè yo touye pitit gason Sedesyas yo la devan je msye. Li fè touye tout chèf peyi Jida yo tou.
Ezekiel 9:6Touye ni granmoun, ni jenn gason, ni jenn fi, ni fanm, ni timoun. Men, pa manyen moun ki gen mak sou fwon yo. Konmanse depi nan tanp mwen an. Yo konmanse ak chèf fanmi ki te kanpe nan Tanp lan.
Ezekiel 11:10N'ap mouri nan lagè nan mitan peyi nou an. Se la m'ap pini nou. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.