Jeremiah 52:12
Sou dizyèm jou senkyèm mwa nan disnevyèm lanne rèy Nèbikadneza, wa Babilòn lan, Neboucharadan, chèf lagad la, yonn nan konseye li yo, antre lavil Jerizalèm.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 24:12Lè sa a, Jojakin, wa peyi Jida a, al rann tèt li bay wa Babilòn lan ansanm ak manman l', pitit gason l' yo, chèf lame l' yo ak chèf palè li yo. Wa a fè yo tout prizonye. Lè sa a, Nèbikadneza t'ap mache sou witan depi li te wa.
Jeremiah 1:3Apre sa, Seyè a pale avè l' ankò. Lè sa a, se Jojakim, pitit gason Jozyas la, ki te wa nan peyi Jida. Anpil fwa menm apre sa, Seyè a pale avèk Jeremi, rive sou onzyèm lanne rèy wa Sedesyas, pitit gason Jozyas la, jouk senkyèm mwa nan lanne sa a, lè yo depòte moun lavil Jerizalèm yo.
Jeremiah 39:9Lèfini, Nebouzaradan, chèf gad yo, pran tout rès moun ki te rete nan lavil la ansanm ak sa ki te kouri kite lavil la, li depòte yo lavil Babilòn.
Jeremiah 52:14Li bay sòlda ki te avè l' yo lòd demoli tout gwo miray ranpa lavil Jerizalèm yo met atè.
Daniel 2:14Lè sa a, Danyèl al jwenn Ajòk, kòmandan gad palè wa a ki t'ap pase pou li al touye nèg save yo. Li pran san li pou l' pale byen avè l'.
Zechariah 8:19-Jèn yo konn fè chak katriyèm mwa, chak senkyèm mwa, chak setyèm mwa ak chak dizyèm mwa a pral yon plezi, yon kè kontan pou moun Jida yo, yon okazyon pou yo fè fèt. Se pou nou renmen viv byen yonn ak lòt san bay manti.