Jeremiah 52:18
Yo pran plat pou resevwa sann yo, pèl yo, kouto yo, gode yo, tas yo ak tout lòt bagay an kwiv yo te konn sèvi nan tanp lan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 25:29W'a fè asyèt, bòl, tas, kafetyè. W'a mete yo apa pou mwen. W'a fè yo ak pi bon lò ki genyen. Se ak yo pou nou sèvi lè n'ap fè sèvis pou mwen.
Exodus 27:3Pou lòtèl la, w'a fè pèl, kivèt, fouchèt, recho ak plato pou resevwa sann. Tout bagay sa yo va fèt an kwiv.
Exodus 37:23Li fè sèt ti lanp pou lanp sèt branch lan avèk pensèt pou netwaye lanp lan ak plato pou resevwa sann lan. Li fè yo ak pi bon lò ki genyen.
Numbers 4:7Y'a kouvri tab pou pen yo ofri bay Bondye a ak yon dra ble. Y'a mete asyèt, tas, kafetyè ak bòl yo sèvi nan sèvis pou mwen yo sou li. Pen yo ofri bay Seyè a va toujou rete sou li tou.
Numbers 7:13Men sa li te ofri: yon bòl an ajan ki peze twa liv enka, yon plat an ajan ki peze yon liv twaka, dapre sistèm yo sèvi nan tanp lan. Ni bòl la ni plat la te plen farin frans melanje ak lwil ki te sèvi pou ofrann grenn jaden yo.
Numbers 7:26Li ofri menm bagay ak Nakchon.