Jeremiah 52:24
Lèfini, Neboucharadan, chèf lagad la, pran Seraya, granprèt la, Sefanya, adjwen li an ansanm ak twa lòt chèf ki la pou veye pòtay tanp lan, li fè yo prizonye.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Chronicles 6:14Azarya te papa Seraja, Seraja te papa Jeosadak.
Ezra 7:1Kèk tan apre tout evènman sa yo, sou rèy Atagzèsès, wa peyi Pès la, te gen yon nonm yo te rele Esdras ki te soti nan branch fanmi Arawon an. Papa l' te rele Seraja. Seraja te pitit Azarya, Azarya te pitit Ilkija.
Jeremiah 20:4Se Seyè a menm ki di sa: Mwen pral fè ou tounen yon malè pou ou menm ak pou tout zanmi ou yo. Ou pral wè yo mouri anba nepe lènmi yo. Mwen pral lage tout moun peyi Jida yo nan men wa lavil Babilòn lan. L'ap pran yon pati ladan yo, l'ap fè yo prizonye, l'ap depòte yo lavil Babilòn, l'ap touye lòt yo.
Jeremiah 29:25paske Chemaja te pran reskonsablite voye yon lèt bay yon prèt yo te rele Sefanya, pitit Maseja, pou tout lòt prèt yo ansanm ak tout moun lavil Jerizalèm yo. Chemaja te voye di yo:
Jeremiah 35:4Li mennen yo nan tanp lan. Li fè yo antre nan pyès chanm yo te bay patizan pwofèt Anan, pitit Igdalya a. Pyès chanm sa a te kole kole ak chanm chèf tanp yo, li te anwo pyès chanm ki pou Maseya, pitit gason Chaloum lan, prèt ki te reskonsab veye pòtay tanp lan.
Jeremiah 52:12Sou dizyèm jou senkyèm mwa nan disnevyèm lanne rèy Nèbikadneza, wa Babilòn lan, Neboucharadan, chèf lagad la, yonn nan konseye li yo, antre lavil Jerizalèm.