The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 52 › Jeremiah 52:9

Jeremiah 52:9

Lènmi yo pran wa a, yo mennen l' bay wa Babilòn lan, ki te lavil Ribla nan peyi Amat la. Se la Nèbikadneza jije li.

Bib La

In The King James Version

Then they took the king, and carried him up unto the king of Babylon to Riblah in the land of Hamath; where he gave judgment upon him.

In Context

8Men, lame moun Babilòn yo rapouswiv wa Sedesyas. Lè yo rive nan plenn bò lavil Jeriko yo, yo mete men sou li. Lè sa a, tout sòlda li yo gaye, yo kouri kite l'.

10Antan yo lavil Ribla, li fè yo koupe kou tout pitit wa Sedesyas yo devan wa a. Li fè koupe kou tout chèf peyi Jida yo tou.

Read all of Jeremiah 52

Cross References

Numbers 34:11L'a desann soti Chefam nan direksyon Ribla, sou kote Ayen bò solèy leve. L'a desann pi ba toujou jouk l'a rive sou rivaj lanmè Galile a, sou bò solèy leve.

1 Kings 8:65Lè sa a, Salomon ansanm ak tout pèp Izrayèl la fete Fèt Joupa yo pandan sèt jou. Foul moun te soti depi Pas Amat la nan nò jouk sou fwontyè ak peyi Lejip la nan sid, yo vin fete fèt la pandan sèt jou. Lèfini, yo fete pandan sèt jou ankò. Sa te fè antou katòz jou.

2 Kings 25:6Sòlda lènmi yo pran wa a, yo mennen l' bay wa Babilòn lan ki te lavil Ribla. Se la Nèbikadneza jije li.

2 Chronicles 33:11Lè sa a, Seyè a voye chèf lame wa peyi Lasiri a vin atake yo. Yo mete men sou Manase, yo pase kwòk nan machwè li, yo mare l' ak de gwo chenn fèt an kwiv, yo mennen l' lavil Babilòn.

Jeremiah 39:5Men, sòlda lame Babilòn yo rapouswiv yo. Yo mete men sou Sedesyas nan plenn toupre lavil Jeriko a. Yo pran l', yo mennen l' bay Nèbikadneza, wa Babilòn lan, ki te lavil Ribla, nan peyi Amat. Rive la, wa Babilòn lan bay lòd sa pou yo fè Sedesyas.

Ezekiel 21:25Kanta pou ou menm, chèf peyi Izrayèl la, krimenèl san respè pou Bondye, jou pa ou la, jou dènye chatiman ou lan ap rive.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 52:9

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 52:8Jeremiah 52Jeremiah 52:10 →