Jeremiah 6:1
Nou menm moun branch fanmi Benjamen yo, kouri al kache! Chape kò nou soti lavil Jerizalèm. Kònen twonpèt lavil Tekoa. Limen yon dife lavil Bèt Achirèm pou bay siyal la. Yon gwo malè, yon malè sèk k'ap soti nan nò pandye sou tèt nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Ou menm lavil Jerizalèm, atout ou bèl la, atout tout moun renmen ou lan, yo pral detwi ou.
Cross References
Joshua 15:63Men, moun Jida yo pa t' janm rive mete bann moun Jebis ki te rete lavil Jerizalèm yo deyò. Kifè, jouk jòdi a moun Jebis yo rete lavil Jerizalèm ansanm ak moun Jida yo.
Joshua 18:28Sela-Elèf, Jebis ki vle di Jerizalèm, Gibeya ak Kiriyat. Sa te fè antou katòz lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo. Men pòsyon tè yo te bay branch fanmi Benjamen yo pou yo separe bay chak fanmi pa yo.
2 Samuel 14:2Sa li fè, li voye lavil Tekoa al chache yon fanm ki te gen anpil ladrès. Lè fanm lan rive, li di l' konsa: -Ou pral pran pòz ou nan gwo lapenn. W'ap mete rad dèy sou ou, lèfini pa mete ankenn odè sou ou. Se pou yo ka pran ou pou yon moun ki gen yon moun mouri depi lontan.
Nehemiah 3:5Moun lavil Tekoa yo rebati pòsyon ki vin apre a. Men, grannèg lavil Tekoa yo te refize fè travay chèf la te ba yo fè a.
Jeremiah 1:14Lè sa a Seyè a fè m' konnen: -Yon gwo malè pral soti nan nò, l'ap tonbe sou tout moun ki rete nan peyi a.
Jeremiah 4:19Ay! Vant mwen! Vant mwen! Tout anndan m' ap fè m' mal! Kè mwen ap bat byen fò. M' pa ka pa pale. Mwen tande twonpèt lagè a ansanm ak rèl moun k'ap atake yo.