Jeremiah 6:11
Kòlè Seyè a ap bouyi nan kè m' tou, m' pa ka kenbe ankò. Lè sa a, Seyè a di m': -Al pase kòlè m' sou timoun ki nan lari yo, sou gwoup jenn gason ki reyini yo. Y'ap pase men pran tout moun, fanm kou gason. Ata vye granmoun ki fin viv yo p'ap chape.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 32:18Mwen plen pawòl nan bouch mwen. Si m' pa pale m'a toufe.
Jeremiah 7:20Se poutèt sa, men sa mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, mwen di: Mwen pral pase gwo kòlè m' ni sou Tanp lan, ni sou moun, ni sou bèt, ni sou pyebwa, ni sou rekòt yo. Kòlè mwen pral tankou yon dife pesonn p'ap ka tenyen.
Jeremiah 9:21Lanmò ap pase nan fennèt yo. L'ap antre nan gwo bèl kay nou yo. Li pase men l' pran timoun nan lari, ak jenn gason sou plas mache yo.
Jeremiah 18:21Koulye a, Seyè, se pou ou fè pitit yo mouri grangou. Se pou ou kite yo mouri anba kout nepe. Se pou madanm yo pèdi pitit yo ansanm ak mari yo. Se pou maladi lapès touye mesye yo. Se pou jenn gason yo mouri nan lagè.
Ezekiel 3:14Lespri a te leve m' anlè, li pote m' ale. Pouvwa Seyè a te vin chita sou mwen avèk fòs. Men, mwen te boulvèse, kè m' te sere.
Micah 3:8Men, pou mwen menm, Miche, Seyè a voye lespri l' sou mwen, li ban mwen fòs, li ban mwen pouvwa pou m' konnen sa ki dwat. Li ban mwen kouraj pou m' kanpe denonse fòfè pitit Jakòb yo, pou m' di pèp Izrayèl la nan figi l' sa l'ap fè ki mal la.