Jeremiah 6:17
Apre sa, Seyè a chwazi faksyonnè pou veye pou yo, pou di yo: Atansyon, tande jan y'ap kònen twonpèt la pou avèti nou. Men, yo di: Non, nou p'ap tande.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 21:11Men mesaj Bondye bay pou moun peyi Edon yo: -Yon moun rete peyi Seyi, l'ap rele m'. Li di m': Ey, gad! Kilè li ye? Konbe tan ankò pou nwit lan bout? Konbe tan ankò anvan solèy leve?
Isaiah 58:1Seyè a di m' konsa: -Rele ak tout fòs ou, rele mezi ou kapab! Fè vwa ou sonnen tankou klewon! Fè pèp mwen an konnen tout mechanste li fè yo! Fè moun fanmi Jakòb yo konnen tout peche yo te fè!
Jeremiah 8:5Poukisa atò, nou menm pèp lavil Jerizalèm, nou vire do ban mwen, epi nou pa vle chanje? Nou kenbe pye zidòl nou yo la tòt. Nou derefize tounen vin jwenn mwen.
Jeremiah 25:4Seyè a pa janm sispann voye pwofèt li yo, sèvitè l' yo, ban nou. Men nou pa vle koute yo, nou derefize louvri zòrèy nou pou nou tande yo.
Ezekiel 3:17-Nonm o! Mwen mete ou faksyonnè pou nasyon Izrayèl la. W'a tande mesaj m'a ba ou, w'a avèti yo pou mwen.
Hosea 8:1Kònen klewon an! Malè ap fonn sou peyi Bondye a tankou malfini, paske moun yo pa kenbe kontra mwen te pase ak yo a. Yo vire kont sa mwen te moutre yo a.