Jeremiah 6:19
Ou menm latè, koute. Mwen pral fè malè tonbe sou pèp sa a. Se yo ki chache l' ak vye lide yo gen nan tèt yo. Yo pa vle koute sa m'ap di yo, yo pa okipe lalwa mwen ba yo a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 30:19Mwen pran syèl la ak latè a sèvi m' temwen jòdi a: Men li, mwen mete devan nou lavi yon bò, lanmò yon bò, benediksyon yon bò, madichon yon bò pou nou chwazi. Chwazi lavi tande, pou nou ka viv, nou menm ansanm ak tout pitit nou yo.
1 Samuel 15:23Dezobeyi Bondye nan sa l' mande ou fè a se menm bagay ak fè maji. Fè tèt di ak Bondye se menm bagay ak sèvi zidòl. Enben, ou voye pawòl Bondye a jete, Seyè a wete ou nan plas wa a, li voye ou jete tou. Li pa gen anyen pou l' wè avè ou ankò!
Proverbs 1:24Ki jan nou ye konsa? Mwen rele nou, nou fè tankou nou pa tande m'. Mwen lonje men ban nou, nou fè tankou nou pa wè m'.
Proverbs 15:26Seyè a pa ka sipòte lide mechan yo gen nan tèt yo. Men, sa fè l' plezi pou l' tande pawòl moun ki san repwòch.
Isaiah 1:2Seyè a di konsa: -Ou menm syèl la, koute! Ou menm latè, pare zòrèy ou! Paske mwen menm, Seyè a, mwen pral pale! Pitit mwen te okipe yo, pitit mwen te elve yo, men yo vire do ban mwen.
Isaiah 59:7Y'ap kouri konsa pou fè sa ki mal, yo cho pou yo touye moun inonsan. Lide yo toujou sou sa ki mal, kote yo pase se dega toupatou. Se malè yo kite dèyè yo.