Jeremiah 6:20
Ki mele m' ak lansan y' al chache nan peyi Saba, ak plant santi bon ki soti nan peyi byen lwen! Zannimo n'ap ofri pou boule pou mwen yo pa fè m' plezi menm. Bèt n'ap touye pou mwen yo pa di m' anyen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Samuel 15:12Antan Absalon t'ap ofri bèt pou Seyè a, li voye lavil Gilo al chache Achitofèl ki te yonn nan konseye David yo. Konplo a t'ap pran fòs. Patizan Absalon yo t'ap vin pi plis.
1 Kings 10:10Larenn lan fè wa a kado senk tòn lò ak kantite fèy santi bon ak anpil pyè koute chè. Wa a pa janm resevwa nan lavi li kantite fèy santi bon larenn Saba te ba li lè sa a.
Psalms 50:7Koute, pèp Izrayèl, pèp mwen! Mwen pral pale avè ou! Mwen pral mete tout bagay aklè avè ou! Se mwen menm ki Bondye, se mwen menm ki Bondye ou.
Psalms 66:3Di Bondye: -Sa ou fè yo se bagay ki pou fè moun respekte ou. Ou sitèlman gen pouvwa, lènmi ou yo ap flate ou.
Proverbs 21:27Seyè a pa ka sipòte lè mechan yo ap ofri bèt pou touye pou li. Sa pi mal toujou lè yo ofri bèt pou touye ba li avèk lide mechanste dèyè tèt yo.
Isaiah 43:23Nou pa t' ofri mouton nou yo pou yo te boule pou mwen. Se pa t' pou fè lwanj mwen nou te touye bèt nou yo. Mwen pa t' fòse nou fè ofrann grenn jaden nou yo pou mwen. Mwen pa t' fatige nou pou lansan nou pa boule pou mwen.