Jeremiah 6:23
Yo pran banza yo ak frenn yo. Yo mechan anpil. Se yon bann san manman. Lè yo sou chwal yo, y'ap fè bri tankou lanmè lè l' move. Yo pare lame yo pou yo vin fè lagè kont lavil Jerizalèm, sou mòn Siyon an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 5:30Jou sa a, y'ap gwonde sou pèp Izrayèl la. Y'ap fè bri tankou lanmè lè li move. Voye je, gade peyi a! Se renk fènwa ak tray pou tout moun. Nwaj nwa bouche toupatou nan syèl la!
Isaiah 19:4Mwen pral lage moun Lejip yo nan men yon chèf ki rèd anpil, nan men yon wa mechan ki pral gouvènen yo. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa!
Jeremiah 4:16Y'ap avèti tout nasyon yo. Y'ap fè lavil Jerizalèm konnen sa k'ap rive l'. Lènmi ap soti nan yon peyi byen lwen. Y'ap rele byen fò, y'ap kouri sou lavil Jida yo.
Jeremiah 5:16Sòlda k'ap tire flèch yo se vanyan gason yo ye, y'ap touye moun san gad dèyè.
Jeremiah 25:32Seyè ki gen tout pouvwa a di: -Malè a pral tonbe sou nasyon yo yonn apre lòt, yon gwo van tanpèt ap moute soti nan bout latè.
Jeremiah 50:41Moun ap soti nan yon peyi bò nan nò. Yon gwo pèp ak anpil chèf vanyan soti byen lwen, y'ap pare pou fè lagè.