Jeremiah 6:26
Seyè a pale ak pèp li a, li di l': -Mete rad sak sou nou. Woule kò nou nan sann dife. Se pou nou gen lapenn tankou si nou te pèdi sèl pitit gason nou te genyen. Se pou nou plenn ak de ran dlo nan je nou. Paske moun k'ap vin detwi nou an ap atake nou san avèti.
Bib La
In The King James Version
In Context
27Ou menm Jeremi, mwen mete ou la pou sonde pèp mwen an, pou veye sa pèp la ap fè, pou ou wè sa li vo.
Cross References
Job 15:21Rèl moun k'ap soufri yo ap kònen nan zòrèy yo. Lè zafè yo pi bon, se lè sa a vòlè tonbe sou yo.
Isaiah 22:4Se poutèt sa mwen di: Kite m' pou kont mwen pou m' ka kriye kont kriye mwen! Pa chache konsole m' pou gwo malè sèk sa a ki tonbe sou pèp mwen an!
Isaiah 30:13Enben, se nou ki va pote chay la. Nou tankou yon miray ki make fann, tankou yon gwo miray byen wo ki gen yon pati ladan l' k'ap souke, ki gonfle prèt pou tonbe. N'ap rete konsa, n'ap tonbe anvan nou bat je nou.
Jeremiah 4:8Se poutèt sa, mete rad sak sou nou! Kriye! Plenn sò nou! Paske se pa ti move Seyè a move, li p'ap fè pa nou!
Jeremiah 4:20Y'ap anonse malè sou malè! Y'ap fini ak tout peyi a. Nou rete konsa, nou wè yo kraze tout tant nou yo. Yo demoli tout kay andeyò nou yo.
Jeremiah 8:19Koute jan pèp mwen an ap rele mande sekou toupatou nan peyi a. Gen lè Seyè a pa sou mòn Siyon an ankò? Gen lè wa Siyon an pa la ankò? Seyè a reponn: -Poukisa nou fè m' fache konsa? N'ap sèvi zidòl, n'ap fè sèvis pou bondye lòt nasyon yo ki pa vo anyen.