Jeremiah 7:10
Lèfini, n'ap vin kanpe devan m' nan kay yo mete apa pou mwen an, n'ap plede di: Nou sove! Epi nou donnen pi rèd nan fè bagay mwen pa vle wè?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 21:4Li menm rive bati lotèl pou zidòl anndan Tanp Seyè a, kote Seyè a te di se la l'ap rete lavil Jerizalèm.
2 Chronicles 33:7Li fè fè yon estati zidòl mete nan Tanp Seyè a, atout Seyè a te pale ak David ansanm ak Salomon, pitit li. Li te pale ak yo sou Tanp lan, li te di yo se isit lavil Jerizalèm, nan Tanp kote mwen te chwazi nan tout peyi douz branch fanmi pèp Izrayèl la, pou yo fè sèvis pou mwen.
Proverbs 15:8Seyè a pa ka sipòte lè mechan yo ap ofri bèt pou touye pou li. Men, sa fè l' plezi anpil lè moun k'ap mache dwat yo ap lapriyè nan pye l'.
Isaiah 48:2Nou cho konsa pou nou di se moun lavil Jerizalèm, lavil Bondye a, nou ye. Se sou Bondye pèp Izrayèl la n'ap mete tout espwa nou, li menm yo rele Seyè ki gen tout pouvwa a.
Jeremiah 7:11Sanble nou pran kay yo mete apa pou mwen an fè yon kachèt pou vòlò? Se sa mwen wè n'ap fè. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Jeremiah 7:30Moun peyi Jida yo fè sa ki mal devan je m'. Se Seyè a menm ki di sa: Yo pran zidòl yo, yo enstale yo nan kay yo te mete apa pou mwen an. Konsa, li pa nan kondisyon pou sèvi m' ankò.