Jeremiah 7:12
Moute Silo, ale wè kote yo te mete apa pou mwen an, premye kote mwen te chwazi pou m' te rete nan mitan nou an. Ale wè sa m' te fè l' poutèt mechanste pèp Izrayèl mwen sa a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 12:5Se Bondye menm ki pral chwazi yon kote pou l' rete nan mitan pèp la, kote pou yo fè sèvis pou li. Se la n'a vin jwenn Seyè a, Bondye nou an.
Joshua 18:1Lè yo fin soumèt tout peyi a, tout moun pèp Izrayèl yo reyini lavil Silo kote yo te kanpe Tant Randevou a. Tout peyi a te pou yo.
1 Samuel 1:3Chak lanne, Elkana soti lavil Rama, li moute lavil Silo pou l' al fè sèvis pou Seyè ki gen tout pou vwa a, pou l' touye bèt pou li. Se de pitit Eli yo, Ofni ak Fineas, ki te prèt Seyè a lavil Silo.
1 Samuel 4:10Moun Filisti yo goumen rèd mare, yo bat moun Izrayèl yo ki kouri chape al lakay yo. Se te yon gwo kou pou pèp Izrayèl la. Te gen trantmil (030000) sòlda apye ki te mouri nan lame pèp Izrayèl la.
1 Kings 9:7lè sa a, m'ap wete pèp Izrayèl la nan peyi mwen ba yo a. M'ap vire do bay tanp mwen te mete apa tankou kote pou yo fè sèvis pou mwen an. Moun toupatou va pase pèp Izrayèl la nan betiz, y'a fè chante sou li.
Jeremiah 26:6Si nou pa koute yo, m'ap kraze tanp sa a menm jan mwen te detwi kote yo te mete apa pou mwen lavil Silo a. Nan tout lòt nasyon ki sou latè, y'a pran non lavil sa a pou bay madichon.