Jeremiah 7:14
Enben! Sa m' te fè Silo a, se sa mwen pral fè kay yo mete apa pou mwen an, kay nou kwè ki ka sove nou an, ak peyi mwen te bay zansèt nou yo ansanm ak nou an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 12:5Se Bondye menm ki pral chwazi yon kote pou l' rete nan mitan pèp la, kote pou yo fè sèvis pou li. Se la n'a vin jwenn Seyè a, Bondye nou an.
1 Samuel 4:10Moun Filisti yo goumen rèd mare, yo bat moun Izrayèl yo ki kouri chape al lakay yo. Se te yon gwo kou pou pèp Izrayèl la. Te gen trantmil (030000) sòlda apye ki te mouri nan lame pèp Izrayèl la.
2 Kings 25:9Li met dife nan kay Bondye a ak nan palè wa a. Li boule dènye kay ki te lavil Jerizalèm, ata kay grannèg yo.
2 Chronicles 36:18Wa a menm pran dènye sa ki te nan Tanp lan ak nan pyès trezò Tanp lan ansanm ak richès wa a ak richès lòt gwo chèf yo, li pote yo lavil Babilòn.
Psalms 78:60Li kite kay li te genyen Silo a, kote li t'ap viv pami moun sou latè a.
Jeremiah 7:4Nou pa bezwen kwè pawòl manti y'ap plede repete yo: Sa se gwo kay Seyè a! Sa se gwo kay Seyè a! Sa se gwo kay Seyè a! Anyen p'ap rive nou la.