Jeremiah 7:15
M'ap wete nou devan je m', menm jan mwen te voye tout frè nou yo, tout moun branch fanmi Efrayim yo, jete byen lwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 17:18Se konsa Seyè a fè yon sèl move sou pèp Izrayèl la, li wete yo devan je l'. Pa rete pase branch fanmi Jida a.
2 Kings 17:23Bout pou bout, Seyè a wete yo nèt devan je l', jan li te voye sèvitè l' yo, pwofèt yo avèti yo a. Se konsa yo depòte moun peyi Izrayèl yo byen lwen nan peyi Lasiri kote yo ye jouk jounen jòdi a.
2 Chronicles 15:9Anpil moun soti toupatou nan peyi Efrayim, nan peyi Manase ak nan peyi Simeyon, yo vin jwenn Asa. Yo t'ap viv nan peyi a sou zòd li, paske yo te wè Seyè a te kanpe la avè l'. Asa reyini yo tout ansanm ak tout moun Jida yo ak moun Benjamen yo.
Jeremiah 3:8Li wè mwen te divòse ak Izrayèl, mwen te voye l' al lakay li paske li te vire do ban mwen, paske li te lage kò l' nan fè jennès sou mwen. Men, Jida, sè Izrayèl la ki pa t' kenbe pawòl li avè m', pa t' pè. Li menm tou, li al lage kò l' nan jennès.
Jeremiah 23:33Seyè a di m': -Jeremi, lè yon moun nan pèp la, osinon yon pwofèt, ou ankò yon prèt mande ou ki chay Seyè a ban nou pote, w'a reponn yo: Se nou menm ki yon chay pou Seyè a. Li pral lage nou atè. Se Seyè a menm ki di sa.
Jeremiah 52:3Se konsa, Seyè a te fache ni sou moun lavil Jerizalèm yo, ni sou moun peyi Jida yo, jouk jou li wete yo devan je l'. Sedesyas te pran lezam kont Nèbikadneza, wa Babilòn lan.