Jeremiah 7:24
Men, yo pa t' vle koute m', yo te bouche zòrèy yo. Yo fè sa ki nan lide yo, yo fè tèt di. Pase yo vin pi bon, yo vin pi mal.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 32:7Lè sa a, Seyè a di Moyiz: -Ale non, ou mèt desann. Paske pèp ou a, pèp ou te fè moute soti nan peyi Lejip la, gen tan deraye, yo lage tèt yo nan bwa.
Nehemiah 9:16Men, zansèt nou yo kite lògèy vire lòlòj yo. Yo fè tèt di, yo derefize obeyi lòd ou te ba yo.
Psalms 81:11(081:12) Men, pèp mwen an pa koute m'. Pèp Izrayèl la pa obeyi m'.
Psalms 106:7Lè zansèt nou yo te nan peyi Lejip, yo pa t' konprann mirak ou te fè pou yo. Yo te bliye jan ou te renmen yo, yo leve dèyè Bondye ki gen tout pouvwa a, lè yo te bò Lanmè Wouj la.
Jeremiah 3:13Sèlman, se pou nou rekonèt sa nou fè a pa bon. Nou pa t' kenbe pawòl nou avè m', Seyè a, Bondye nou an! Nou t' al toupatou, anba tout kalite pyebwa, pou fè sèvis pou bondye lòt nasyon yo. Nou pa t' koute m' lè mwen t'ap pale nou. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Jeremiah 6:16Men sa Seyè a di ankò: -Rete non sou kous nou! Gade byen! Mande kote ansyen chemen yo te pase. Mande kote bon wout la ye. Pran l'. Lè sa a n'a viv ak kè poze. Men yo di: Non, nou p'ap fè sa!