Jeremiah 7:31
Nan Fon Benninon an, yo bati yon lotèl yo rele Tofèt pou yo ka boule pitit gason ak pitit fi yo nan dife sou li. Sa se bagay mwen p'ap mande yo fè, bagay ki pa janm vin nan lide m' pou m' mande yo fè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 20:1Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
Deuteronomy 17:3pou l' al fè bagay Seyè a pa janm mande nou fè, pou l' al sèvi lòt bondye, tankou solèy, lalin osinon kèk lòt zetwal nan bann zetwal ki nan syèl la,
Joshua 15:8Apre sa, li remoute ravin Pitit Ennon an ki nan sid mòn moun Jebis yo, ki vle di Jerizalèm, li moute sou tèt mòn ki anfas ravin Ennon an, sou bò solèy kouche, nan pwent nò plenn refayim yo.
2 Kings 23:10Wa Jozyas gate Tofèt la tou, yon tanp zidòl ki te nan fon Enon an, konsa pesonn pa t' ka ofri pitit fi osinon pitit gason yo pou boule pou Molòk ankò.
2 Chronicles 28:3Li fè boule lansan pou yo nan Fon Benninon an, li ofri pwòp pitit gason l' yo pou yo boule yo dapre vye prensip krimenèl nasyon Seyè a te mete deyò pou fè plas pou moun Izrayèl yo.
Psalms 106:37Yo ofri pwòp pitit gason ak pwòp pitit fi yo pou touye bay zidòl yo.