The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 8 › Jeremiah 8:11

Jeremiah 8:11

Yo pa pran malè ki rive pèp mwen an pou anyen. Y'ap plede di: Tout bagay ap mache byen! Pa gen danje! Epi, manti! Anyen p'ap mache.

Bib La

In The King James Version

For they have healed the hurt of the daughter of my people slightly, saying, Peace, peace; when there is no peace.

In Context

10Se poutèt sa m'ap pran madanm yo bay lòt moun. M'ap pran jaden yo bay moun k'ap anvayi peyi yo a. Paske yo tout, gran kou piti, ap fè akrèk dèyè lajan. Ni pwofèt yo, ni prèt yo, yo tout ap twonpe pèp la pou fè lajan.

12Ou kwè yo ta wont pou bagay lèd yo fè yo? Bichi! Yo pa wont menm. Yo pa konn sa ki rele wont. Se poutèt sa, yo pral tonbe menm jan lòt yo te tonbe a. Lè m'a pini yo, se va bout yo. Se Seyè a ki di sa.

Read all of Jeremiah 8

Cross References

1 Kings 22:13Mesaje ki te pati al rele Miche a di Miche konsa: -Tout lòt pwofèt yo te pale anfavè wa a. Ranje kò ou pou pale tankou yo tout. Pale anfavè wa a.

Jeremiah 14:14Men, Seyè a reponn, li di m' konsa: -Se pa vre sa pwofèt yo ap di a. Yo pran non m' pou bay manti! Se pa kras mwen menm ki voye yo. Mwen pa ba yo ankenn lòd, mwen pa janm pale ak yo. Si yo fè vizyon, se pa mwen ki ba yo l'. Si yo di yo konnen sa ki pral rive, se manti. Se lide yo fè nan tèt yo konsa pou twonpe pèp la, se sa ase yo ka louvri bouch yo di.

Jeremiah 28:3Nan dezan, jou pou jou, m'ap pote tout bagay ki te nan tanp Seyè a tounen nan plas yo. Wi, tou sa wa Nèbikadneza te pran nan tanp lan pou l' te pote ale lavil Babilòn, m'ap fè yo tounen nan plas yo.

Ezekiel 13:10Pwofèt yo ap woule pèp mwen an. Anyen p'ap mache nan peyi a. Yo menm menm, y'ap plede di tout bagay ap mache byen. Pèp la ap moute yon miray wòch san mòtye, pwofèt yo menm vini, yo blanchi l' ak dlo lacho.

Micah 2:11Si yon moun ap plede pwonmennen bay manti pou twonpe moun, si li di: M'ap fè prediksyon pou nou: Men li, diven ak gwòg pral koule kou dlo, se moun konsa nou renmen pou pwofèt.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 8:11

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 8:10Jeremiah 8Jeremiah 8:12 →