Jeremiah 8:16
Lènmi deja rive nan zòn lavil Dann lan. Nou tande souf chwal yo. Tout tè a ap tranble lè chwal yo ap ranni. Lènmi an ap vini, l'ap detwi peyi a ansanm ak tou sa ki ladan l'. L'ap kraze lavil yo ansanm ak tout moun ki ladan yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
17Seyè a di ankò: -Men m'ap lage sèpan dèyè nou, move sèpan nou p'ap ka chame. Y'ap mòde nou.
Cross References
Judges 5:22Lè sa a, yo tande chwal yo ki t'ap galope ale. Chwal yo t'ap pilonnen tè a ak zago yo.
Judges 20:1Tout pèp Izrayèl la nèt, depi lavil Dann nan nò jouk lavil Bècheba nan sid, pase nan peyi Galarad, tout pèp la nèt kanpe. Yo reyini ansanm devan Seyè a, lavil Mispa.
Psalms 24:1Se yon sòm David. Se pou Seyè a tè a ye ansanm ak tou sa ki sou li. Se pou Seyè a lemonn antye ansanm ak tou sa k'ap viv ladan l'.
Jeremiah 4:15Depi lavil Dann y'ap bay nouvèl la. Depi sou mòn Efrayim lan y'ap anonse malè a.
Jeremiah 6:23Yo pran banza yo ak frenn yo. Yo mechan anpil. Se yon bann san manman. Lè yo sou chwal yo, y'ap fè bri tankou lanmè lè l' move. Yo pare lame yo pou yo vin fè lagè kont lavil Jerizalèm, sou mòn Siyon an.
Jeremiah 47:3Lè y'a tande bri zago chwal yo ap frape tè a, bri cha lagè yo k'ap kouri vini ak bri wou yo k'ap woule atè a, papa p'ap ka fè anyen pou pitit yo, tèlman y'a dekouraje.