Jeremiah 9:1
Jan mwen ta renmen wè tèt mwen tounen yon sous dlo, de je m' yo tounen de fontenn k'ap bay dlo, pou m' kriye lajounen kou lannwit, pou moun yo touye nan pèp mwen an!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 42:3(042:4) Lajounen kou lannwit m'ap kriye. Se dlo ki soti nan je m' ki sèvi m' manje. Se tout tan moun ap mande m': -Kote Bondye ou la?
Psalms 119:136Dlo ap kouri nan je m' tankou larivyè, paske moun pa vle obeyi lalwa ou.
Isaiah 22:4Se poutèt sa mwen di: Kite m' pou kont mwen pou m' ka kriye kont kriye mwen! Pa chache konsole m' pou gwo malè sèk sa a ki tonbe sou pèp mwen an!
Jeremiah 4:19Ay! Vant mwen! Vant mwen! Tout anndan m' ap fè m' mal! Kè mwen ap bat byen fò. M' pa ka pa pale. Mwen tande twonpèt lagè a ansanm ak rèl moun k'ap atake yo.
Jeremiah 6:26Seyè a pale ak pèp li a, li di l': -Mete rad sak sou nou. Woule kò nou nan sann dife. Se pou nou gen lapenn tankou si nou te pèdi sèl pitit gason nou te genyen. Se pou nou plenn ak de ran dlo nan je nou. Paske moun k'ap vin detwi nou an ap atake nou san avèti.
Jeremiah 13:17Si nou pa koute l', mwen pral kache kò m' yon kote pou m' kriye, paske nou gen twòp lògèy. Je m' pral koule dlo, yo pral ponpe dlo, paske yo pral fè pèp Seyè a prizonye, yo pral depòte yo.