Jeremiah 9:14
Yo fè tèt di pi rèd, yo rete ap sèvi zidòl Baal zansèt yo te fè yo konnen an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 9:18Li pa ban m' tan pou m' pran yon ti souf menm. Li voye malè sou mwen yonn apre lòt.
Jeremiah 2:23Ki jan ou fè ka di ou nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen, ou pa janm kouri dèyè Baal yo? Gade tout vye makakri w'ap fè nan fon an! Rekonèt sa ou fè a non! Ou tankou yon jenn fenmèl chamo ki lage nan bwa, w'ap kouri adwat agoch.
Jeremiah 7:24Men, yo pa t' vle koute m', yo te bouche zòrèy yo. Yo fè sa ki nan lide yo, yo fè tèt di. Pase yo vin pi bon, yo vin pi mal.
Jeremiah 23:15Se poutèt sa, men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di sou pwofèt yo: -Mwen pral ba yo zèb anmè pou yo manje. Mwen pral ba yo dlo pwazonnen pou yo bwè, paske pwofèt Jerizalèm yo lakòz tout moun nan peyi a lage kò yo nan fè sa ki mal.
Lamentations 3:15Li plen vant mwen ak manje anmè kou fyèl. Li fè m' bwè labsent jouk mwen sou.
Romans 1:21Yo te konn Bondye byen pwòp, men yo pa bay Bondye lwanj ki pou li, yo pa di l' mèsi jan l' merite l' la. Lekontrè, y'ap mete yon bann lide ki pa gen sans nan tèt yo, yo san konprann, fènwa fin plen kè yo.