Jeremiah 9:15
Se poutèt sa, men sa mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, m' di: Mwen pral ba yo zèb anmè pou yo manje, mwen pral ba yo dlo anpwazonnen pou yo bwè.
Bib La
In The King James Version
In Context
14Yo fè tèt di pi rèd, yo rete ap sèvi zidòl Baal zansèt yo te fè yo konnen an.
Cross References
Deuteronomy 29:18Piga pesonn nan mitan nou, ni fanm ni gason, nan ankenn fanmi ni branch fanmi pèp la vire do bay Seyè a, Bondye nou an, pou y' al sèvi zidòl moun sa yo. Piga pesonn nan mitan nou tounen yon move grenn k'ap detounen pèp la, k'ap anpwazonnen l'.
Psalms 69:21(069:22) Yo mete pwazon nan manje mwen. Lè m' mande dlo pou m' bwè, se vinèg yo ban mwen.
Psalms 80:5(080:6) Ou ba yo dlo k'ap koule sot nan je yo pou sèvi yo manje. Ou ba yo gwo gode plen dlo k'ap soti nan je yo pou yo bwè.
Isaiah 2:22Pa mete konfyans nou nan moun parèy nou! Talè yo pa pèdi souf yo, yo pa mouri! Lè sa a, kisa yo ka fè pou nou ankò?
Jeremiah 23:15Se poutèt sa, men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di sou pwofèt yo: -Mwen pral ba yo zèb anmè pou yo manje. Mwen pral ba yo dlo pwazonnen pou yo bwè, paske pwofèt Jerizalèm yo lakòz tout moun nan peyi a lage kò yo nan fè sa ki mal.
Jeremiah 25:15Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di m': -Men yon gode plen diven kòlè Bondye nan men m'. Pran li, pote l' bay tout moun nan peyi kote m'ap voye ou yo pou yo bwè.