Jeremiah 9:16
Mwen pral gaye yo nan mitan yon bann nasyon ni yo menm ni zansèt yo pa t' janm konnen. Mwen pral voye lènmi fè yo lagè jouk mwen fin touye yo nèt.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 26:33M'ap mennen lènmi nou yo vin fè nou lagè. M'ap leve moun dèyè nou pou vin fè nou lagè. M'ap gaye nou nan mitan lòt peyi etranje yo. Peyi a va tounen yon dezè. Lavil nou p'ap gen pesonn rete ladan yo.
Deuteronomy 28:25L'a fè lènmi nou yo bat nou. N'a pran yon sèl chemen ansanm pou n' atake yo. Men, n'a gaye toupatou lè n'a pran rak devan yo. Tout moun sou latè pral mete men nan tèt lè y'a wè sa ki rive nou.
Deuteronomy 28:64Seyè a va gaye nou nan mitan tout nasyon ki toupatou sou latè. Lè n'a rive la, n'a sèvi lòt bondye ni zansèt nou yo, ni nou menm nou pa t' janm tande pale, zidòl fèt an bwa, zidòl fèt ak wòch.
Nehemiah 1:8Koulye a, chonje pawòl ou te bay Moyiz, sèvitè ou la, lòd ki di nou: Si nou menm, moun pèp Izrayèl yo, nou pa kenbe pawòl mwen yo, m'ap gaye nou sou latè nan mitan tout lòt nasyon yo.
Ecclesiastes 12:5W'ap pè moute sou bagay ki twò wo pou ou pa gen tèt vire. Menm mache nan granchemen ap yon danje pou ou. Tout cheve nan tèt ou ap vin blan, w'ap pèdi fòs kouray ou. Pa gen anyen ki ka fè l' tounen ankò. W'ap desann nan dènye kay kote ou pral rete pou tou tan an. Lè sa a, moun ap mache rele nan tout lari.
Jeremiah 13:24Mwen menm, Seyè a, mwen pral gaye yo tankou pay van ap gaye nan savann.