Jeremiah 9:22
Seyè a di: -Kadav yo gaye toupatou, tankou fimye yo simen nan jaden, tankou grap diri moun k'ap ranmase rekòt yo kite atè. Pa gen pesonn pou ranmase yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 9:37Kadav li pral tounen fimye gaye nan tout jaden zòn Jizreyèl la. Konsa pesonn p'ap ka rekonèt li.
2 Kings 20:15Ezayi di l' konsa: —Kisa yo wè nan palè a? Ezekyas reponn: —Yo wè tout sa ki nan palè a. Mwen fè yo wè dènye bagay mwen gen nan depo m' yo.
Psalms 49:7(049:8) pa gen yonn ladan yo ki ka bay senk kòb pou delivre frè yo, ni ki ka peye Bondye pou l' delivre yo.
Proverbs 18:11Pou moun rich yo, byen yo tankou yon ranpa byen solid. Yo mete nan tèt yo se sa k'ap pwoteje yo.
Isaiah 5:25Se sa ki fè tou, Seyè a te fache anpil sou pèp li a. Li te leve men l' sou yo, li frape yo. Lè sa a, mòn yo tranble. Kadav moun mouri yo ap trennen nan mitan lari tankou fatra. Men, se poko sa toujou! Se atò Seyè a move. Li poko fin ak yo.
Jeremiah 8:2Yo pral kite yo atè a konsa devan solèy la, devan lalin lan, devan zetwal yo ki nan syèl la, paske se bagay sa yo moun sa yo te renmen, se sa yo t'ap sèvi, se sa yo t'ap swiv. Se sa yo t' al mande sa pou yo fè. Se pou yo yo t'ap fè sèvis. Pesonn p'ap ranmase zosman yo pou antere yo. Y'a tounen fimye atè a.