Jeremiah 9:23
Piga moun ki gen lespri yo fè grandizè dèske yo gen bon konprann, ni moun ki vanyan yo dèske yo vanyan, ni moun rich yo dèske yo rich.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 17:4Yon bowòm yo rele Golyat, moun lavil Gat, soti nan kan moun Filisti yo, li parèt devan sòlda pèp Izrayèl yo, li mande pou yonn ladan yo vin fè fas kare ak li. Li te gen nèf pye wotè.
1 Kings 20:10Bennadab voye yo tounen al di Akab: -M'ap vini ak anpil moun pou m' kraze lavil Samari. p'ap gen ase demoli pou m' bay chak moun ki avè m' yo ti kras pou yo pote ale sitèlman y'ap anpil. Si m' pa fè sa, se pou bondye yo ban m' pi gwo pinisyon ki genyen
Job 31:24Mwen pa janm mete konfyans mwen nan lò pou m' ta di se sa k'ap pwoteje m'.
Psalms 33:5Seyè a renmen sa ki dwat, li renmen sa ki san patipri. Toupatou sou latè nou wè jan li gen bon kè.
Psalms 34:3(034:4) Mete tèt nou ansanm avè m' pou fè konnen jan Seyè a gen pouvwa. Ann fè lwanj li ansanm!
Psalms 49:6(049:7) Moun ki mete konfyans yo nan byen latè, moun k'ap fè grandizè pou richès yo genyen,