Job 1:11
Men, kite ou manyen byen li yo pou ou wè, m' garanti ou, l'ap di sa l' pa t' dwe di sou ou nan figi ou!
Bib La
In The King James Version
But put forth thine hand now, and touch all that he hath, and he will curse thee to thy face.
In Context
Cross References
Job 1:5Chak lè yo fin fete konsa, Jòb fè yo tout vini lakay li. Nan maten, anvan bajou kase, li leve, li boule ofrann bay Bondye pou mande padon pou yo chak. Li te toujou fè sa, paske li t'ap di nan kè l': Ou pa janm konnen. Pitit gason m' yo ka fè peche, yo ka di sa yo pa t' dwe di sou Bondye, san yo pa fè espre.
Job 1:21Epi li di: -San anyen m' soti nan vant manman m'. San anyen m'ap tounen anba tè. Seyè a bay! Seyè a pran! Lwanj pou Seyè a!
Job 2:5Men, si ou manyen kò pa l' menm, ou mèt sèten fwa sa a, l'ap di sa li pa t' dwe di sou ou nan figi ou.
Job 2:7Lamenm, Satan vire do l', li ale. Li fè gwo bouton pete sou tout kò Jòb, depi anba pla pye l' jouk nan po tèt li.
Job 4:5Koulye a, paske se tou pa ou, ou pèdi tèt ou. Malè tonbe sou ou, w'ap depale.
Psalms 105:15Li te di: Piga nou manyen moun mwen chwazi yo. Piga nou fè pwofèt mwen yo anyen.