Job 13:2
Sa nou konnen an, mwen konnen l' tou. M' pa pi sòt pase nou.
Bib La
In The King James Version
What ye know, the same do I know also: I am not inferior unto you.
In Context
1Wi, mwen wè tou sa ak de je m'. Mwen tande tou sa ak de zòrèy mwen epi mwen konprann.
Cross References
Job 15:8Eske ou te la lè Bondye t'ap fè plan travay li, kifè ou konnen pase tout moun?
Job 34:35Jòb ap pale anpil, men li pa konn sa l'ap di. Tou sa l'ap di yo pa gen ni pye ni tèt.
Job 37:2Nou tout, koute vwa Bondye! Koute jan l'ap gwonde!
Job 42:7Lè Seyè a fin pale konsa ak Jòb, li pale ak Elifaz, moun lavil Teman an. Li di l' konsa: -Mwen te fache sou ou ak sou de zanmi ou yo, paske sa nou di sou mwen an pa vre menm. Nou pa t' pale tankou Jòb, sèvitè m' lan.
2 Corinthians 11:4Mwen di sa paske mwen wè nou kite nenpòt ki moun vin fè nou konnen yon Jezi ki pa menm ak Jezi mwen te fè nou konnen an, epi nou pa di anyen. Mwen wè nou pare pou n' asepte yon lespri ak yon mesaj ki pa menm ni ak Lespri Bondye a, ni ak bon nouvèl mwen te ban nou an.
2 Corinthians 12:11Mwen sot pale la a tankou moun fou. Men, se nou menm ki lakòz sa. Se nou menm ki pou ta pran defans mwen. Mwen te mèt pa anyen vre, men, apòt nou yo ki kwè yo plis pase tout moun, yo pa gen anyen pase mwen.