Job 14:14
Men, sa m'ap di la a? Eske moun mouri ka leve? Sa pa fè anyen. Mwen ta tann move tan sa a fin pase, jouk sa ta bon pou mwen ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
15Lè sa a, ou ta rele m', mwen ta reponn ou. Ou ta kontan wè sa ou te fè ak men ou lan.
Cross References
2 Samuel 19:34Men Bazilayi reponn li: -Monwa, mwen pa rete anpil tan ankò pou m' viv. M' pa wè poukisa pou m' ale ansanm avè ou lavil Jerizalèm.
Job 13:15Bondye te mèt touye m'. Sèl chans mwen se pou m' esplike avè l'.
Job 19:25Mwen menm, mwen konnen moun ki gen pou vin pran defans mwen an byen vivan. Se li menm an dènye k'ap kanpe sou latè pou pale pou mwen.
Job 42:16Apre sa, Jòb viv jouk li rive gen sankarantan sou tèt li. Li wè pitit pitit li yo ak pitit pitit pitit li yo, jouk rive sou kat jenerasyon.
Psalms 40:1(040:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (040:2) Mwen te mete tout espwa m' nan Seyè a. Li te panche zòrèy li bò kote m', li te tande m' lè m' t'ap rele.
Isaiah 8:17Seyè a vire do l' bay moun fanmi Jakòb yo. Men, mwen menm m'ap konte sou li, m'ap mete tout espwa m' nan li.