Job 17:14
Mwen di tonm lan ou se papa m'. Mwen di vèmen ki pral manje m' yo: nou se manman m' ak sè m'.
Bib La
In The King James Version
I have said to corruption, Thou art my father: to the worm, Thou art my mother, and my sister.
In Context
13Se lanmò m'ap tann. Se al kouche nan simityè ki sèl espwa m'.
15Kote ki gen espwa pou mwen ankò? Ki moun ki wè yon bon lavi pou mwen ankò?
Cross References
Job 19:26Apre m' fin mouri, l'ap mete m' kanpe bò kote l'. M'a wè Bondye ak pwòp je m'.
Job 21:32Yo fè bèl lantèman pou yo. Yo mete moun veye tonm yo.
Job 30:30Po m' vin tou nwa, l'ap dekale. Lafyèb ap manje m' nan zo.
Psalms 49:9(049:10) Atò, se pou yo ta viv tout tan san yo pa janm al anba tè?
Acts 2:27Paske, ou p'ap kite m' kote mò yo ye a. Ou p'ap pèmèt moun k'ap sèvi ou la pouri anba tè.
1 Corinthians 15:42Se menm jan an sa pral ye lè moun ki mouri yo va leve soti vivan nan lanmò. Lè yo te antere kò a, se te yon kò ki te kapab pouri. Men, lè kò a va leve soti vivan nan lanmò, l'ap yon kò ki p'ap kapab pouri.