Job 19:20
Mwen tounen zo ak po. Sa ki rete pou m' mouri a pa anyen.
Bib La
In The King James Version
My bone cleaveth to my skin and to my flesh, and I am escaped with the skin of my teeth.
In Context
19Pi bon zanmi m' yo ap gade m' ak degoutans. Sa m' pi renmen yo ap pale sou do m'.
21Nou se zanmi m'. Pitye pou mwen! Pitye! Se Bondye menm ki leve men sou mwen.
Cross References
Job 7:5Tout kò m' plen vè ak gwo plak bouton toupatou. Po m' fann fann, l'ap bay postim.
Job 33:19Bondye avèti moun tou lè li voye maladi sou yo. Li ba yo doulè nan tout kò yo.
Psalms 22:14(022:15) Mwen pèdi tout fòs mwen, tankou dlo ki tonbe atè. Tout zo nan kò m' dejwente. Mwen santi kè m' ap kase, tout zantray mwen ap bouyi.
Psalms 32:3Tank mwen pa t' ankò vle rekonèt peche m' yo, mwen t'ap cheche sou pye. Tout lajounen, mwen t'ap plenn.
Psalms 102:3(0102:4) Lavi m' ap disparèt tankou lafimen. Mwen gen yon lafyèb nan zo.
Psalms 102:6(0102:7) Mwen sanble yon tako savann, mwen tankou frize ki rete nan vye kay kraze.