Job 19:3
Tout tan n'ap plede joure m', n'ap trennen m' nan labou. Nou pa wont jan n'ap malmennen m' la a?
Bib La
In The King James Version
These ten times have ye reproached me: ye are not ashamed that ye make yourselves strange to me.
In Context
2-Manyè sispann vire lòlòj mwen non! Manyè sispann kraze kouraj mwen ak tout pawòl sa yo?
4Menm si mwen ta fè sa m' pa t' dwe fè, ki jan pou sa ta ka fè nou mal?
Cross References
Genesis 31:7Men li menm, li toujou ap twonpe mwen. Li chanje lide dis fwa lè lè a rive pou li peye m'. Men, Bondye pa janm kite l' fè m' anyen.
Leviticus 26:26M'ap koupe viv nou. Yon sèl fou ap kont pou dis fanm pare pen pou tout fanmi yo. Y'a kontwole sa y'ap bay chak moun. Lè n'a fin manje, se atò n'a grangou.
Nehemiah 4:12Men, chak fwa lènmi nou yo moute vin atake nou, jwif ki t'ap viv nan mitan yo te vin avèti nou. Konsa konsa, an dis fwa.
Job 5:3Mwen menm, mwen wè moun fou ki te kwè zafè yo bon. M' rete konsa, mwen wè madichon tonbe sou kay yo.
Job 11:3Pa konprann pale anpil ou a ka enpoze moun louvri bouch yo reponn ou. Paske w'ap pase moun nan betiz la, atò yo pa ka fè ou wont?
Job 15:4Ou menm menm, ou al pi lwen. Dapre sa ou di la a, moun pa bezwen gen krentif pou Bondye ankò. Pa gen nesesite pou moun lapriyè Bondye.