Job 20:23
Pandan l'ap manje plen vant li, Bondye pral move kont move sou li. Malè pral tonbe dri sou li.
Bib La
In The King James Version
In Context
22Atout li gen tout richès sa yo, li pral gen kè sere. Tout kalite mizè pral tonbe sou li.
24Lè l'ap chache kouri pou yon nepe fèt an fè, yon flèch an kwiv pral pèse l' pak an pak.
Cross References
Genesis 19:24Lè sa a, Seyè a fè yon sèl lapli souf ak dife soti nan syèl la tonbe sou Sodòm ak Gomò. Wi, se Seyè a menm ki te fè sa.
Numbers 11:33Yo te fèk konmanse manje vyann, lè Seyè a fè kòlè sou pèp la, li lage yon sèl epidemi sou yo pou pini yo.
Psalms 78:30Men, yo pa t' ankò fin manje, yo pa t' ankò fin plen vant yo, manje a te nan bouch yo toujou,
Malachi 2:2Si nou pa koute sa m'ap di nou la a, si nou pa soti pou nou sèvi yon lwanj pou mwen, m'ap voye madichon sou nou. Se Seyè ki gen tout pouvwa a k'ap pale konsa wi. M'ap madichonnen tout bon bagay k'ap vin pou nou yo. Wi, mwen madichonnen yo deja, paske nou pa soti pou nou sèvi yon lwanj pou mwen.