Job 22:13
Ou konn sa, epi w'ap di: Sa Bondye ka konnen? Li kache dèyè nwaj yo, ki jan pou l' jije sa k'ap pase sou latè?
Bib La
In The King James Version
And thou sayest, How doth God know? can he judge through the dark cloud?
In Context
12Eske se pa anwo nèt nan syèl la Bondye rete? Se anba pou li voye je l' pou l' ka wè zetwal yo.
14Nwaj yo twò pwès, li pa ka wè. Se sou fetay syèl la l'ap mache.
Cross References
Job 34:22Pa gen ankenn fènwa, ni ankenn lonbray ki ka anpeche l' wè sa mechan yo ap fè.
Psalms 59:7(059:8) Tande sa y'ap di! Tande jan y'ap pale! Lang nan bouch yo, ou ta di se yon ponya! Y'ap di: Pa gen moun k'ap tande nou!
Psalms 73:11Epi yo di: -Ki jan pou Bondye fè konnen? Moun ki anwo nan syèl la, ki bò l' ta pase pou li konnen?
Psalms 139:7Ki bò mwen ta ale pou m' pa jwenn ak ou? Ki bò mwen ta ale pou ou pa wè m' devan je ou?
Jeremiah 23:24Pa gen kote yon moun ka al kache pou m' pa wè l'. Nou pa konnen mwen toupatou nan syèl la ak sou latè a? Se Seyè a menm ki di sa.
Ezekiel 9:9Li reponn mwen: -Moun peyi Izrayèl yo ansanm ak moun peyi Jida yo fè anpil wi! Se san k'ap koule toupatou nan peyi a. Lavil Jerizalèm plen moun k'ap fè lenjistis. Y'ap plede di mwen menm, Seyè a, mwen vire do bay peyi a, mwen pa wè yo.